Ki jan yo finanse Asirans Chomaj la?

Konnen ki jan Asirans Chomaj la antre fon, pousantaj pèman ak peryòd maksimòm kotizazyon pou yon travay.

Asirans Chomaj la konpoze avèk Kont Endividyèl Chomaj la plis Fon Solidè Chomaj la e yo finanse l avèk 3% salè san enpo legal chak afilye nan AFC ak yon limit 122,6 UF pou ane 2023).

Travayè a ak patwon an dwe fè kontribisyon 3% sa a selon tip kontra a:

1) Premye ka: Travayè ki gen kontra pou yan tan fiks oubyen pou yon chantye:

  Kont Endividyèl chomaj (KEC) Fon Solidè Chomaj (FSC)
Patwon 2.8% 0.2%
Travayè 0% 0%
Total 3%
Imagen

2) Dezyèm ka : Travayè ki gen kontra endefini

  Kont Endividyèl Chomaj(KEC) Fon Solidè Chomaj (FSC)
Patwon 1.6% 0.8%
Travayè 0.6% 0%
Total 3%
Imagen

3) Twazyèm ka : Moun k ap travay kay moun

Travayè sa yo fè pati Asirans Chomaj la depi 2 oktòb 2020 e yo gen menm benefis tankou tout lòt travayè.

Sèl diferans ki genyen an chita nan valè kotizayon yo ki koresponn ak yon 4,11% salè san enpo legal la patwon an dwe peye tout poukont li.

  Kont Endividyèl Chomaj(KEC) Fon Solidè Chomaj (FSC) Kont Ekonomi pou Dedomajman
Patwon 2,2% 0,8% 1,11%
Travayè 0% 0% 0%
Total 4,11%
Imagen

Konbyen tan maksimòm yo ka fè ap peye kotizayon pou chak travay?

Peryòd maksimòm pou yo peye kotizayon pou chak travay se 11an.

Yonfwa peryòd sa a rive, patwon an dwe kontinye kontribiye 0,8% an nan Fon Solidè Chomaj la toutotan kontra a toujou egziste.

Ki sa k vin apre sa?

Enfòmasyon sou Kont Endividyèl Chhmaj (KEC)